Pinned Tweet
Ti koze sou Google VEO 3 avèk kominote X ayisyen an...
Si w pase ti tan sou entènèt la nan moman sa yo m panse w ap tonbe kanmenm sou video ki plis viral nan moman sou Tik Tok ak FB, YT...
Men avèk kisa yo reyalize videyo sa yo ?
An n al dekouvri sa ansanm
Ou pare ?😉
AMBROISE💡 retweeted
Replying to @AMBROISE_HT
Epi avèk grès kochon an wi silvouplè nou men m men m yon bon dòtwa leta peyi nou pa fè vwa pou n ta gen yon kote pou nou fòme jèn pa bò isit nan yon pi bon kondisyon sosyal nou dèyè nèt wi 🤔
🇧🇫🧵 Burkina Faso kreye Akademi Teknolojik Faso(ATF), yon enstitisyon fòmasyon siperyè espesyalize ki anba otorite Prezidans lan. Objektif li se fòme enjenyè ak moun ki kapab konstwi gwo pwojè dirèkteman nan peyi a, pou kontribye nan endistriyalizasyon ak endepandans teknolojik.
Finalman, envesti nan fòmasyon syantifik ak teknolojik se prepare yon peyi pou l kapab reflechi, envante, pwodui epi pran pwòp desizyon estratejik li.
1
15
Aucune nation ne peut prétendre à une véritable indépendance sans maîtriser la science et la technologie.
AMBROISE💡 retweeted
Se tout fòs limyè yo
k kanpe pou defann
batman kè yon zile
k pa respire...
g on lapli k pra l tonbe....
JOU A LA ☀️
AMBROISE💡 retweeted
🎮Lansman #GTAVI se youn nan pi gwo evènman kiltirèl ak teknolojik ki janm fèt nan istwa jwèt videyo, ak atant ki t ap monte pandan plizyè lane jiskaske l finalman rive sou konsòl yo.
Depi premye trelè ofisyèl la te soti, rezo sosyal yo, platfòm difizyon yo ak kominote gaming atravè mond lan te chaje ak deba, teyori.
Jou lansman an rive, magazen yo, sèvè online yo, ak chèn streaming yo te santi pwa gwo demann sa a, pandan milyon jwè t ap kouri dekouvri nouvo kat la, istwa pèsonaj yo, ak detay grafik ki te pouse limit konsòl jenerasyon aktyèl la.
🕹️Anpil "hype", li te vrèman reyèl e li te depase limit gamers sèlman pou l rive touche lòt kouch moun e kilti. Sou rezo sosyal tankou TikTok, YouTube ak X, videyo reyaksyon, memes, analiz grafik, ak livestreams te domine fil aktyalite yo pandan plizyè semèn, pandan anpil fanatik t ap pran konje oswa fè nwit blanch jis pou yo ka premye moun ki fè eksperyans lan. E sa ka gen pou dire plizyè semenn.
💡Natirèlman, avèk yon atant konsa, te gen kèk kritik ak ti pwoblèm teknik oswa pèfòmans ki parèt. Men an jeneral, akèy la te trè pozitif e li konfime ke GTA VI rete youn nan pi gwo referans nan endistri amizman an.
@RockstarGames fè li ankò 👏🏽👏🏽 N’ap kwaze Leonida
AMBROISE💡 retweeted
Nan yon atik ki parèt 17 novanm 2026 la nan Le Nouvelliste, gouvènman ayisyen an ap prepare yon pwojè 200 milyon dola ameriken sou 6 lane pou ranfòse enfrastrikti dijital peyi a, sitou atravè yon nouvo koneksyon kab soumaren TAM-1 nan vil Okap, ak yon kapasite inisyal 400 Gbps. Sepandan, fich ofisyèl Bank Entèamerikèn Devlopman (BID) la montre yon operasyon 70 milyon dola ki toujou nan faz preparasyon. Se yon inisyativ enpòtan ki merite ankourajman, men annou klè : enstale yon kab soumaren pa vle di otomatikman popilasyon an ap jwenn pi bon Entènèt. San yon rezo fib optik solid pou distribye kapasite a, koneksyon altènatif pou evite gwo pann, elektrisite ki estab, bon antretyen ak yon politik ki favorize pri abòdab, 400 Gbps sa yo ka rete yon gwo kapasite teknik san gwo benefis pou majorite popilasyon an. Vrè siksè pwojè sa a pa dwe mezire nan kantite milyon dola yo anonse, men nan vitès, estabilite, pri ak aksè reyèl sèvis Entènèt la ap ofri Ayisyen yo. Se yon gwo opòtinite pou peyi a, men li mande transparans, bon planifikasyon ak rezilta konkrè. #TEKTEK
AMBROISE💡 retweeted
JOU A LA disponib tout kote🙏🏾
__
CREDITS
Music
Composition: Collinx Mondesir
Arrangements: Collinx Mondesir
Lead and backing vocals: Collinx Mondesir
Instrumentation: Collinx Mondesir
Electric guitars: Collinx Mondesir
Mixing and mastering: Collinx Mondesir
Creative Direction: Collinx Mondesir
Production: Les Studios 12CA Inc.
Visual Design
Vizualizer : Collinx Mondesir
Graphic design/Motion: Collinx Mondesir
© 2026 Les Studios 12CA Inc.
AMBROISE💡 retweeted
Anpil timoun pran lari tout ak inifòm lekòl yo sou yo. Mobilizasyon an se pou sipòte prezidan Bukele.
🇸🇻 ❤️🇭🇹✊🏿
AMBROISE💡 retweeted
💡Kisa yon Cyberattack ye?
Yon cyberattack (atak sibènetik) se lè yon moun oswa yon gwoup itilize teknoloji pou atake yon òdinatè, telefòn, rezo oswa sistèm enfòmatik.
Vòlè enfòmasyon, pran kontwòl sistèm nan, bloke sèvis oswa mande lajan ka posib rezon yo.









