Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
PAWÒL SITWAYEN
E ou menm, kòman ou santi w lè ou blije pase pa yon raketè?
#SitwayenPaDòmi
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Doro ap etidye pou l pa boule kou a. Men l gen lòt opsyon.
Di n sa w t ap fè?
#SitwayenPaDòmi
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Lè n ap gen pou n fè peyi,
sof lapolis, Ponpye ak Anbilans k ap gen dwa pote sirèn. Tout enstans osnon pèsonalite ki gen bezwen pase a kote règ sikilasyon yo, ap oblije jistifye sa : ekri polis woutye (DCPR), pou mande yon machin polis ki gen sirèn, pou fè pasaj pou yo. Sinon, tout moun konfòme nou.
Ayiti se yon peyi, se pa jaden manman n.😏
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Sa nou viv 5 dènye ane sa yo mande pou n repanse peyi a, olye n ap eseye rekole tankou kole boyo.
Edikatè fanm kou gason yo dwe klè sou sa : se pa matematik, fizik, chimi ak gramè nou manke ki fè peyi a tonbe la…Li plis pase nòmal pou n ap kase tèt nou pou timoun yo wè pwogram ministè a; men tou nou dwe panse ak sa ki manke yo nan sa n ap aprann timoun yo pou ane lekòl sa ak tout lòt ane k ap vini yo : Entegrite, onètete, respè pou laverite, konprann sans listwa; listwa pa nou kòm pèp an patikilye, renmen moun ak lanati epi solidè (empathie), respekte Lavi.
Jou a rive pou n Kòmanse aprann timoun yo, tèt pa yo ak fanmi yo pa sifi. Yo dwe aprann yo fè pati yon kominote ki li menm nan yon espas fizik. Se depi alabaz pou n kòmanse dechouke plan ayisyen grenn 5, ti entèlijan, san valè ki makonnen l ak kominote li. Se kounya pou n kòmanse simen grenn sitwayen kote lè kominote a leve li nan ran responsab, pou l pa konprann se ti rès la ki pou kominote a.
Wòl pou n bay lekòl, apre n fin konstate efondreman fizik, moral ak valè yo, se ta dwe: dekonstri moun ayisyen jodi a pou n rekonstui yon moun nouvo. Se yon gwo chantye, men nou ka kòmanse jodi a. Nou ka jwenn 30 minit chak semèn pou pale ak timoun yo. Pou n aprann yo erè nou, pou n di yo se foli sanble moun nou pap janm ye, foli rich toudenkou, egoyis, koripsyon ak malonètete ki trennen peyi a la kote l ye la. Nou dwe di yo poukisa timoun dominiken an gen 2 pla cho poutan yo pa gen youn menm. Timoun yo dwe konnen se paske dirijan pase yo te kowonpi ak enkapab ki koz yo oblije pase tout jou lekòl yo anndan klas la; yo pa ka ale Vètyè, Pon Wouj, Lakrètapyewo ak Sitadèl. Yo dwe konnen se foli sanble ak blan ansyen kolon yo ki koz yo pa konn Lavilokan, Dereyal, Lakou Soukri ak Lakou Badjo. E se pou sa jodi a yo pa konnen pye bwa ak rivyè se bagay sakre.
Se laverite k ap libere sosyete a. Timoun aprann vit paske sèvo yo an kondisyon. Di yo laverite, pou yo pa pran wout manti ak medyokrite.
Travay paran ak edikatè yo pa gen pri, men nou nan yon kalfou ki oblije nou bay plis.
Pou peyi a🇭🇹
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Puisque le décret sur le Comité de Pilotage de la Conf Nationale est sorti avec mon nom, je rends publique ma lettre de désistement au président du CPT. #Ayiti #Ako3avril #PouYonTranzisyonKoupeFache
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Crise en Haïti : Le BSA appelle à la transition pour un nouveau Pouvoir et à la fin du soutien aux gangs par les Tèt Kale 3 rezonodwes.com/?p=327813 via @rezo_nodwes
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
New York | Justice – Plus d’un million de dollars pour un photographe haïtien, victime de violation de droit d’auteur après le séisme de janvier 2010 rezonodwes.com/?p=326413 via @rezo_nodwes
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Par souci de transparence le @BSA_Montana3008 rend publique sa communication à M. Colin Granderson du GEP @caricom transmise ce jour 8 Décembre 2023 par email. #haitian #haiti #Dignité #PouYonTranzisyonKoupeFache
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
NOTE PUBLIQUE DE L'ACCORD DU 30 AOÛT 2023/ACCORD DE MONTANA_ SUITE À LA RÉSOLUTION 2699 (2023) DU CONSEIL DE SÉCURITÉ DE L’ONU CONCERNANT HAÏTI #Ayiti, #PouYonTranzisyonKoupeFache #ayitigranmoun
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
AKÒ MONTANA DI SE TWÒP ATÒ_ NÒT POU LAPRÈS 20 dawout 2023 : Pou ki tout krim sa yo ? Pou ki tout san sa a ap koule ? Kiyès ki gen kont ak pèp ayisyen an nan pwen sa a (...) ? #KanpeKrimYO #Haïti #PouYonTranzisyonKoupeFache
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
2 lane apre zak asasinay prezidan Jovenel Moïse la, #AkòMontana pap bouke ekzije pou otorite konsène yo pran responsabilite yo epi evite bare wout lajistis. Tout kriminèl ki patisipe nan koudeta ak nan beny san 7 jiyè 2021 an dwe pase devan lajistis epi peye pou zak grav sila yo.
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Ann koute/rekoute emisyon "Interet Public @radiokiskeya ak @LilianePierrePaul- Haiti News" te òganize nan dimanch 25 Juin 2023 @MagalieComeauDenis te patisipe ladan ak lòt envite yo pou esplike kijan #akòMontana wè rezolisyon kriz la : youtube.com/live/Ninov6O6eYk…
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
POSITION OF BSA AND OTHER BODIES OF THE AUGUST 30TH AGREEMENT / MONTANA AGREEMENT ON THE EVOLUTION OF THE GOVERNANCE CRISIS AND THE INSECURITY IN THE COUNTRY_ #Haiti, #Ayiti, #haitiens #haitians, #haitianos, #Pouyontranzisyonkoupefache
#PouyonAyititounèf, #PouAyitigranmountètli
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Nòt piblik BSA- Akò 30 dawout/Montana a #Haiti, #pouyontranzisyonkoupefache :
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Réponse du CNT à la lettre de démission du Premier ministre élu de Montana, Mr le sénateur Steven I. Benoit.
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
1/2
30 janvye 2023 fè yon lane depi KNT a te òganize eleksyon pou ofri peyi a 2 dirijan nou kwè ki gen konpetans ak serye pou aplike fèy wout tranzisyon koupe fache a. Jou sa te yon okazyon pou moutre ayisyen gen kapasite pou yo fè politik nan serye ak transparans.
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Yon lane apre dirijan entènasyonal la yo enpòze peyi a mennen Ayiti nan plis kawo. 44 delege ki soti nan 16 sektè fòs viv peyi pwofite okazyon sa pou renouvle angajman yo pou se Ayisyen, nan granmounite, ki pou pran desten peyi li. Batay la ap kontinye.
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Le processus, qui a débouché sur l’accord du 21 décembre 2022 n’est ni transparent ni sérieux, estime James Beltis, le président du Conseil national de transition.
alterpresse.org/spip.php?art…
@BSA_Montana3008
@CRSHC_HT
@BINUH_UN
@EUDelegationHt
@AmbCanHaiti
@USEmbassyHaiti
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Montana denonse ak tout fòs li kokenn chenn manti Madan Lalime fèk bay ankò devan Konsèy Sekirite ONU an jodi a. Se yon pawól li bay pou federe kèk sektè politik ,sosyal ak ekonomik kont lit pèp Ayisyen an. #Haiti, #Ayiti, #Ayisyen #Haitian #PouYonTranzisyonkoupeFache
Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la retweeted
Rencontre Montana avec la délégation du 🇨🇦: en toute transparence, voilà les points et position des élus Montana, des représentants du bureau de suivi BSA et du Conseil national de transition de l'Accord du 30 août 2021.
@ComeauMagali
@CRSHC_HT
@kntranzisyon
Aide-mémoire des propos de la délégation de l’Accord du 30 août 2021 / Accord de Montana lors de la rencontre du jeudi 8 décembre avec la délégation canadienne. #Haiti, #HAITIENS, #haitian, #ayisyen, #pouyontranzisyonkoupefache

























