Ayiti 18:20: Gen yon elikoptè ki ap fè patwouy anlè komin Kwadèboukè, anpil moun tande katouch ki soti nan elikoptè a epi wè etensèl dife vizib. Nap raple genyen plizyè komin nan peyi a tankou Mibalè ak Sodo ki programe manifestasyon pou sipòte entèvansyon prezidan @nayibbukele a
Chef gang Babekyou fè konnen jodia pou FBI tcheke sou Chef Gang Ezekyel nan peyi Canada, ki te fè kouri bri lanmò li, paske li posib pou misye te enplike nan lanmò Jovenel Moïse lan. Li fe konnen ke Ezekyel ap viv nan peyi Canada ak fanmil.
Plizyè moun yo sispèk ki se manm gang « Taliban » mouri lendi 2 novanm 2026 la, pandan gwo echanj kout zam ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ansanm ak manm brigad vijilans yo, nan lokalite Vigner ak Pon Toman, nan komin Akayè Ayiti.
Ayiti: Saa se imaj yon barikad gang viv ansanm yo erije nan Kwadèboukè pou bloke aksè ak machin blende fòs lòd yo.
Nasyonzini konfime li resevwa yon lèt Wilson Joseph, alyas « Lanmò 100 Jou », voye nan non 400 Mawozo. Sepandan, ONU presize sa pa vle di li rekonèt otè a ni li apwouve kontni lèt la. Òganizasyon an mande pou tout operasyon sekirite ann Ayiti respekte dwa moun ak dwa imanitè.
Ayiti: Wilson Joseph, moun plis konnen sou non Lanmò Sanjou, chèf gang 400 Mawozo a, deklare nan yon entèvyou li bay Associated Press (AP) teknisyen Salvadò yo mouri. Li fè konnen atak 18 oktòb la te fèt pandan teknisyen yo te sou yon teritwa ki anba kontwòl Chen Mechan.
Kwadèboukè : « Anba envazyon, nou vle lapè, nou pap deplase », se mesaj manifestan ki soti nan divès katye nan komin nan pote pou denonse prezans sòlda salvadoryen yo. Selon sous nou, manifestasyon sa yo dewoule anba menas chèf gang yo, nan lide pou enfliyanse opinyon piblik la.
Kwadèboukè Ayiti: PNH la, ak sipò GSF la, lanse yon gwo operasyon lendi 2 novanm 2026 la nan Kafou Chada, Pon Kwadèmisyon ak Santo 17. Objektif la se kraze pòs peyaj ilegal yo, anpeche kidnapin epi mete fen nan zak vyolans gang ame yo selon sa yo di. Yo pa mansyone Salvadoryen yo
Ajan polis fwontyè dominiken yo arete yon prezime manm gang 400 Mawozo ki t ap kouri pou chape anba yon atak dròn ki te touye plizyè nan konpayèl li yo. Li ta pwopoze 3 milyon dola pou jwenn liberasyon li,sòlda yo rejte òf la, yo di pou lajan an sèvi pou dedomaje fanmi viktim yo
Asasinay Jovenel Moïse : Mario Palacios Palacios deklare yon polisye te ede yo antre nan rezidans lan lè li te kite pòt prensipal la ouvè. Yon lòt moun te konfime Prezidan an t ap gade match Kolonbi ak Ajantin.
Asasina Jovenel Moïse :ansyen sòlda kolonbyen Mario Palacios Palacios rekonèt li te pran 2 mont ak 1 kolye Martine Moïse nan chanm prezidansyèl la.« Se te yon erè mwen te fè »,li deklare. Li di tou yo te pran lajan kach ki te nan bwat, mete nan yon valiz. Se 40 milyon yo te dil.
Barikad, rekritman fòse ak manifestasyon anba kontrent : gang yo Ayiti ap miltipliye preparasyon yo nan Kwadèboukè, nan yon kontèks kote prezidan salvadoryen a, @nayibbukele, menase entèvni ann Ayiti.Gen abitan k ap kouri kite katye yo, gen lòt yo fòse patisipe nan manèv gang yo
Akayè Ayiti : plis pase yon 30tèn moun mouri, pami yo sivil, ak divès lòt blese nan afwontman ki pete dimanch 1ye novanm nan, nan La Vigne ak Pon Toman. Vyolans yo ta gen rapò ak lanmò chèf gang #Galaxy, lapolis te touye nan Bèsi. Plizyè fanmi deja deplase akoz ensekirite a.
Yon group sitwayen ayisyen manifeste pou mande prezidan salvadoryen an, @nayibbukele, pou l ede Ayiti elimine gang ame yo nèt, yo di gang yo kidnape epi vyole pitit fi yo ak touye inosan. Yo mande l pran prekosyon ak gouvènman ayisyen an, yo akize kòmkwa k ap finanse gang yo.
🇭🇹 Fòs militè salvadoryen yo enstale baz operasyon yo nan Taba, toupre anbasad Etazini an. Plis pase 2 000 sòlda ap kowòdone operasyon taktik ak patwouy blende nan Pòtoprens, nan objektif pou jwenn 4 teknisyen ayewonotik ki te tonbe anba anbiskad gang ame yo.
Prezidan @nayibbukele demanti yon òganizasyon ki di yap defann dwa moun Ayiti, ki ekri #ONU 28 oktòb la, ki di sòlda Salvadò yo lage bonm pou touye timoun Ayiti. Bukele di se yon ONG ki ap fè #lobbying pou gang yo. Li presize elikotè yo te rantre 29 oktòb donk,se yon fo rapò.
Nan okazyon 31 oktòb 2026 la, Meri #Enche rann omaj ak ewo nasyonal #Charlemagne_Péralte, atravè yon seremoni depo flè sou plas piblik. Otorite lokal yo ak manm kominote a te patisipe nan seremoni an pou salye kouraj, patriyotis ak lit li pou diyite nasyonal.
Ayiti: bandi ame yo anvayi plizyè lokalite nan Akayè byen bonè samdi a, fòse anpil moun kouri kite kay yo. Majistra Wilner René fè konnen bandi yo ta soti Kenskòf pou ranfòse prezans yo nan Kabarè. Li mande entèvansyon rapid Task Force la.
"35% tèritwa Ayiti a fè pati Repiblik Dominikèn,dapre trete #Aranjuez la. Sa te kapab yon okazyon pou nou reprann tè sa yo,si nou te gen yon prezidan vanyan tankou @nayibbukele, olye yon lach,trèt tankou @luisabinader. 2028 sim rive dirije RD m ap pran tè sa yo."Di @CarlosPenard
"Se pa lajan n ap vin fè, se pa richès Ayiti n ap vin volè. Se Salvadò ki pran an chaj 90% depans ki gen rapò ak deplwaman militè yo." Se sa prezidan @nayibbukele di 29 oktòb 2026 la.




















