Jimmy Deronis (@JDeronis) header
Jimmy Deronis (@JDeronis) profile picture
Joined December 2015
Photo by Jimmy Deronis (@JDeronis)
E si ou te eseye poze yon aksyon nan menm tan ak enèji ou depanse pou w di tèt ou : " Ou kwè m ap ka... ? " " Mwen pa kwè m ap ka ...? " Ou pa kwè tou ou t ap gentan fè yon pa anplis ? #SherlyTanisCator ✍🏽
12
13
200
M ap kontinye donnen San m pa egzije lavi anyen li ban m mezi sa m bezwen ak sa ki bon pou antouraj mwen san mezi Panyen gratitid mwen plen Byenfè se lyann ki jouke mwen Jodi a se jou rekòt mwen Jou pou m rejwenn avèk tèt mwen nan konte bon zèv ak bèl mèvèy ki pa janm sispann boujonnen nan jaden m Paske lavi m se yon pyebwa rekonesans nan tè kwasans avèk rasin pèseverans ki chaje fèy pasyans Nan bon tan tankou nan move tan m ap kontinye donnen san gaspiye fwi m. #Sherly_Tanis_Cator 1 ye Septanm 2026
16
14
2
47
2,485
#Bonjou_Konpatriyòt Chak baf ou pran se yon nouvo paj nan lekòl lavi a ki louvri de batan Pou akeyi yon lòt ou menm Ki pi djanm ki pi konsekan... @SherlyTanis
2
12
1
15
655
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Jounen 8 novanm 2026 la fè nou 2 lane ! De lane ap reflechi, de lane ap pataje Pawòl Patriyotik, Devlopman Pèsonèl, Motivasyon, Ankourajman, De lane ap simaye Lespwa, Konsyans ak Lanmou pou peyi nou, kote tout sitwayen ak sitwayèn jwenn kichòy pou kominote nou yo kenbe valè fondamatal yo san lage misyon nou. Wi, se te yon jou 8 novanm nan lane 2024 nou te tanmen seri piblikasyon sa yo sou rezo sosyal yo ki pote non : 🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Sa te kòmanse tankou yon senp inisyativ, li vin bay panse nou yo lavi, yo pran fòm, jouk yo vin tounen yon espas ekspresyon, refleksyon ak angajman sitwayen. Atravè chak tèks, chak powèm, chak pwodiksyon odyovizyèl, nou kontinye kwè nan pouvwa lapawòl pou touche konsyans, reveye lespri epi enspire chanjman. Konsa, enpak yo vin pi vivan chak jou pi plis. E n ap kontinye vwayaj la. #Bonjou_Konpatriyòt, se plis pase yon pwogram; se yon konviksyon, yon vwa, yon vizyon, yon angajman pou Ayiti ak pou tout pitit tè a. Mèsi tout moun ki kwè nan vizyon sa a, ki akonpaye nou, ki kontribye nan travay la, espesyalman ekip teknik la ki fè chak pwodiksyon rive posib. Mèsi tout moun ki pran tan pou koute, gade, pataje epi fè pawòl nou yo kontinye vwayaje pou rive pi lwen e menm kote nou pa ka menm imajine. De lane se yon etap, yon bon bout chemen. Men travay la pa rive nan bout li. Nou gen plis koze toujou pou nou pataje ansanm, plis konsyans pou nou reveye, plis grenn lespwa pou nou simen. #Bonjou_Konpatriyòt , se yon kri revèy nan nanm ki di nou : An n kontinye pale, an n kontinye reflechi, an n kontinye konstwi, an n kontinye aji ! Paske yon peyi pa chanje sèlman ak sa nou di, men se sitou nan tout bon aksyon pawòl nou yo pouse nou fè avèk tout kè. Mèsi fanmiy mwen mwen yo !!! #Mèsi_Konpatriyòt ! Avèk anpil rekonesans ak lafwa nan yon pi bon demen... #Mèsi_Konpatriyòt ! #SherlyTanisCATOR ✍🏽
4
12
1
24
1,032
#Bonjou_Konpatriyòt #Kontan_Kontan_w "...Tout kondisyon yo reyini pou moun pa ta kontan lakay Epi tou, bò isit, kontan toujou melanje ak rèl kriye. Gen twòp doulè nan zantray nou ki tounen de ran dlo sou figi nou..." #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
1
11
1
16
739
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit: #Poukisa ? #4 #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #29
12
1
14
1,193
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Nou antre nan lane 2026 la. Yon lane tou nèf. Nou leve vwa nou ak rekonesans pou chak konpatriyòt ki toujou la, ki pa janm lage men #Bonjou_Konpatriyòt, ki kwè nan fòs pawòl ki reveye konsyans ak nanm, ki rasanble kè epi ki kenbe lespwa nou vivan tout tant. Sipò nou resevwa yo, se pa sèlman ankourajman; yo se prèv ki montre gen tèt ansanm nan mitan nou. Se prèv refleksyon nou yo klere epi kontinye kenbe flanm renmen youn lòt la, menm lè chemen an pa toujou dous. Pou 2026 la, nou swete ou plis kouraj pou diferan konba w ap mennen nan diyite, sajès pou nou chwazi solidarite, ak fòs pou nou bati ansanm nan verite, lanmou ak respè. Se pou pawòl nou kontinye sèvi kòm limyè, e aksyon nou kòm pon ant rèv ak reyalite. Nou la, avèk ou Konpatriyòt, pou nou kontinye travay sa a ak menm pasyon an ak menm responsabilite ki te anime nou depi premye jou batman kè nou te mande nou akonpli gran devwa sa a. Bon lane 2026 ! Sante, lespwa, siksè, pwosperite ak anpil lòt viktwa nan tèt kole pou peyi nou Ayiti ak tout pitit li yo, lakay oubyen lòt kote ka toujou fyè pou di Bonjou_Konpatriyòt ! ✍🏽 #Sherly_Tanis_CATOR
2
10
2
17
688
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit: #Poukisa ? #3 #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #28
11
1
13
787
8 Novanm 2024 - 8 Novanm 2025 🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon lane "Mèsi tout konpatriyòt ki sipòte travay sa a".
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Anba solèy la plen reyon limyè Tou vivan k ap di w viv non ! Swiv tras batman kè w san limit Rebati tèt ou apre chak gwo defi Bay syèl la chans pou anbrase w Ak yon refren tou nèf pou peyi w Nanm Ayiti kole sou po nou chak La p koule nan venn nou san rete. #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
9
18
5
30
3,255
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Pafwa jou yo konn parèt sanble men chak jou se yon jou apa Gen jou ki pè di moun bonjou paske se move nouvèl ase li pote Men gen lòt jou ki bay lavi plis sans Se yon jou konsa manman m ak papa m te deside met tèt yo ansanm pou pèmèt nou vin di bonjou lavi Se konsa nou grandi nan renmen bèl pataj nan kè kontan ak lespwa Jounen jodi premye septanm nan gen anpil siyifikasyon pou mwen ak nou sans ak senbòl li pote yo enpòtan Se pou sa m santi m rekonesan Mwen vle di BonDye mèsi Pou kantite benediksyon gras ak pwoteksyon li ki pa sispann tonbe sou mwen tankou lapli Se sa ki fè m pa mèt tèt mwen Mwen pa viv pou mwen sèlman Paske mwen egziste atravè anpil fanmiy zanmi ak konpatriyòt ki pa janm rate kèk okazyon espesyal nan vi m Se poutèt sa m vle di mèsi lavi. #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
4
14
1
22
826
Jou yo kouri vit ! Ribrik #Bonjou_Konpatriyòt pral gen 2 lane ! Yon lide ki transfòme... N ap kontinye... @SherlyTanis CATOR
3
8
12
279