Bon lè w fin rayi tout moun ki anlè yo, lè w rive anlè a, ak kiyès ou pral fè alye ?
Si w ap rive [lol]. Lache kè w pou w felisite pwochen w lan se atire benediksyon pa w.
Jeni pa egri jeni
Beni pa egri beni
M vrèman gen pwoblèm ak fraz ki di: « Gason pran bèl fanm, byen anfòm pou fè postè, men yo chwazi fanm ak tèt, byen edike pou manman pitit yo »
Tankou la, pa gen bèl fanm ki edike menm oubyen pa gen yon fanm ki byen edike ki bèl ?
Mwen fè pati estòk moun Bondye kreye yo kote yon senp jès ou fè, yon senp pawòl ou di devan m, yon senp eksperyans ou pataje avè m, mwen gen kapasite transfòme l an richès.
Souvan, sa moun di w vo plis pase lajan; kounya se ak ki zòrèy ou tande l.
Si w estime konsèy w ap bay yon moun oubyen prezans ou pa enspire l menm pou l ta montre w li vle fè yon premye pa, eskize m, pa pèdi tan w nan ba l lajan. Lajan se dènye bagay yon moun bezwen pou l konvenk ou li vle avanse tout bon vre.
Si w te kenbe menm motivasyon w te genyen nan kΓ²mansman ane a jis rive jodi a, ou t ap lwen wi, pa vre ?
Kote rezolisyon new year new me yo ?
Pa kanpe non, lΓ²t ane motive w pi rΓ¨d, ekri pwojΓ¨ w yo epi mete disiplin. βοΈβοΈβοΈβοΈβοΈβοΈ
Pa etone twòp lè nou wè yon patwon prefere travay ak robo olye l anplwaye imen an. Nou pa mezire ki kantite dega yon reta oubyen neglijans ka fè nan antrepriz yon moun.
Mwen konnen anpil moun ki pèdi gwo kontra jis nan san prensip. Jere sa !
Pou antouraj mwen :
Depi aprè lanmò papa m, mwen pa janm rive kontan pou lontan.
Se poutèt sa, chak fwa nou wè m ap souri, ap ri, ap fè blag oswa ap enjoy, pwofite l avè m, koz nan yon segond mwen ka chanje imè epi pèdi byen lwen nan panse m.
#mapdekouvrim
Pwofite filme w nan moman doulè w yo, moman mizè w yo, moman w ap bat night pou etid ou yo, moman w ap travay di yo. Byento w pral fè siksè, sèl souvni k ap rete.
#trust
Gen moun souvan ki detèmine klè kisa y ap chèche lakay yon moun pandan yo menm yo pa prè pou yo prepare tèt yo ase pou moun sa.
Plis ou mete barèm ou wo, plis ou dwe maksimize efò w.
Avan w egzije kiyès ou vle, poze tèt ou kesyon kiyès ou ye.
Lè w santi byen chita fè w ap pete kouri, kanpe pou w mache.
#papresipite
Youn nan pi gwo reyisit ou ka fè nan lavi se aprann renmen pwochen ou, respekte moun, epi bay chak moun valè yo merite. Fè afè ak moun ki gen kapasite pou sa, men toujou bat pou pa kite pèsonn vin endispansab nan lavi w.
Sa ka parèt ensansib men se libète m ap preche w.
Ou pa li
Ou vle pale
Kisa w pral di ?
#liredΓ©livre
Menm lè w nan kòtèj la, bat pou w konn destinasyon an, si tout fwa yo deside ale kite w pou w pa pèdi.
#objectif



