Lune'Actus (@LuneActus) header
Lune'Actus (@LuneActus) profile picture

Nous sommes le chemin de l'information.

Joined November 2020
Photo by Lune'Actus (@LuneActus)Photo by Lune'Actus (@LuneActus)Photo by Lune'Actus (@LuneActus)Photo by Lune'Actus (@LuneActus)Photo by Lune'Actus (@LuneActus)Photo by Lune'Actus (@LuneActus)Photo by Lune'Actus (@LuneActus)Photo by Lune'Actus (@LuneActus)Photo by Lune'Actus (@LuneActus)Photo by Lune'Actus (@LuneActus)
EJIP: Sèt (7) moun mouri, 112 lòt blese nan yon grav aksidan tren ki deraye nan El Ayyat, dimanch 8 novanm 2026 la nan pwovens Giza. Dapre otorite tren ejipsyen yo, yon tren ki t ap fè trajè Giza pou ale Fayoum frape dèyè yon lòt tren ki t ap soti nan Cairo pou ale Aswan.
1
163
Kolizyon an lakòz plizyè vagòn deraye. Otorite yo mobilize 72 anbilans pou pote sekou bay viktim yo epi transpòte blese yo nan lopital. Prezidan, Abdel Fattah al-Sisi, mande pou gen yon ankèt rapid sou aksidan an epi pou tout moun ki ta responsab neglijans rann kont.@LuneActus
108
Plizyè sòlda GSF mete pye atè nan komin Taba ak yon dividal materyèl pou konbat gang yo.@LuneActus
2
1
26
1,575
Deplwaman fòs militè salvadoryen yo k ap kite Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti pou al atake teworis yo laplèn.@LuneActus
6
2
72
3,504
Imaj jounen an,sòlda Salvadoryen yo kontinye deplwaye nan plèn lan ak plizyè cha blende pou kontrekare gang ame yo nan kwadèboukè.@LuneActus
1
81
3,955
Daprè @Ayibopost, Lanmò san jou chèf teworis 400 mawozo yo te apèsi nan komin kafou. Li rejwenn divès lòt zèfèyis ki kontwole rantre Sid kapital la. N ap raple w, depi kèk semenn Fòs Salvadoryèn nan pa sispann trake kriminèl yo nan plèn nan aprè disparisyon 4 solda yo.@LuneActus
270
Chèf gang katye Boston an Mathias Saintil, mouri sou kabann lopital vandredi 6 novanm 2026 la. @pnh_officiel di sous li fè konfyans konfime teworis lan te touche ak plizyè bal zòn Nelyo, toupre asyeri Dayiti nan operasyon lapolis te mennen Site solèy jedi 5 novanm nan.@LuneActus
240
Mèt ACCEL TROFORT, se nouvo Kòmisè gouvènman Pakè Miragwàn nan, li ranplase Ansyen komisè Jean Ernest Muscadin, ki li menm kandida pou Prezidan nan eleksyon kap gen pou fèt yo.@LuneActus
1
4
323
JISTIS: Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier, konfime li aksepte demisyon Mèt Jean Ernest Muscadin nan pòs Komisè Gouvènman a.i. nan Pakè Tribinal Premye Enstans Miragwàn nan. Desizyon sa a parèt nan yon lèt ofisyèl ki date 6 novanm 2026, minis la siyen.
1
2
207
Nan dokiman an, li fè konnen demisyon Muscadin te soumèt nan yon korespondans ki date 29 oktòb 2026. Akseptasyon demisyon sa a mete fen nan fonksyon Mèt Muscadin kòm CG a.i. nan Miragwàn. N ap souliye, fot dokiman sa, li pat rive enskri kòm kandida pou pòs prezidan.@LuneActus
84
Divès teworis ki blese nan frap dwòn Site Solèy, yèswa jedi 5 novanm la, ta transpòte nan plizyè lopital nan komin Kafou pou resevwa swen medikal. Enfòmasyon k ap sikile, kèk nan sant ospitalye sa yo pran an chaj moun sa yo ki blese pandan konfwontasyon ak fòs lòd yo. Sitiyasyon
1
1
16
4,449
sa soulve kesyon sou fason kèk lopital nan zòn metwopolitèn la jere swen pou moun ki enplike nan aktivite kriminèl. Yon ankèt @Ayibopost te pibliye nan mwa out 2026 te rapòte ka chèf gang Izo te resevwa swen nan Sant Ospitalye Kafou apre li te blese anba yon frap dwòn.@LuneActus
2
1
272
JEREMI: Plizyè santèn moun nan vil Jeremi, depatman Grandans, pran lari maten vandredi 6 novanm 2026 la pou eksprime solidarite yo ak prezans sòlda salvadoryen yo sou teritwa ayisyen an.
1
134
Manifestasyon sa a tradui sipò yon pati nan popilasyon an pou deplwaman militè salvadoryen yo, nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak gwo defi sekirite akoz vyolans gang ak ensekirite.@LuneActus
62
Prezidan Paragweyen an, Santiago Peña, anonse demisyon li jedi 5 novanm 2026 la, nan yon kontèks gwo kriz finansye ak politik ki souke peyi a apre efondreman bank dijital Ueno Bank la. Kriz la kite anviwon twa milyon kliyan san aksè ak lajan ki nan kont yo.
1
1
188
Bank santral peyi a te entèvni apre li te konstate enstitisyon finansye a pa t respekte egzijans minimòm solvabilite yo. Demisyon Peña a vini pandan palmantè yo t ap pare pwosedi destitisyon kont li, akoz lyen biznis li te gen nan tan pase ak gwoup ki te posede bank la.@LuneActus
48
ETAZINI: Yon gwo dife ki pran nan yon kay de (2) etaj nan katye Sunset Park, nan Brooklyn, Nouyòk, byen bonè jedi 5 novanm 2026 la, lakòz 6 moun pèdi lavi yo epi sèt lòt blese, dapre otorite ponpye vil la. Dife a te deklare anviwon 1:40 nan maten sou 58th Street. Plis pase 200...
1
134
sekouris, pami yo ponpye ak pèsonèl ijans, te mobilize pou konbat flanm yo. Apre anviwon twa èdtan entèvansyon, yo rive mete dife a anba kontwòl. Pami sèt moun ki blese yo, genyen twa ponpye. Kat viktim te mouri sou plas, pandan 2 lòt te rann dènye souf yo lopital apre.@LuneActus
36
Gran Rivyè di Nò: Lapolis, atravè Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) nan Nò, mennen yon operasyon nan komin Gran Rivyè dinò, madi 3 novanm 2026 la. Pandan operasyon sa a, fòs lòd yo arete plizyè moun epi sezi yon zam de gè ki te nan men yon endividi.
1
174
Operasyon sa a antre nan kad aksyon lapolis ap mennen pou konbat ensekirite epi ranfòse sekirite nan depatman Nò a. Sepandan, otorite lapolis yo poko bay plis detay sou idantite moun yo arete yo ni sou lòt enfòmasyon ki gen rapò ak operasyon an.@LuneActus
56