Sispèk No. 1 °° (@crazyy6116) header
Sispèk No. 1 °° (@crazyy6116) profile picture

Loading...

Haiti
Joined November 2022
Photo by Sispèk No. 1 °° (@crazyy6116)Photo by Sispèk No. 1 °° (@crazyy6116)
Gen jou mwen santi menm chans mwen pa vle rekonèt mwen
9
Pa vinn mande m sa m genyen menm mwen menm pa gen kontwòl sa kap pase nan tèt mwen
17
Gen moun ki sou rezo yo jis pou gade si lavi lòt moun pi mal pase pa yo pou yo ka dòmi ak kè kontan
22
Pèsonalite m varye an fonksyon de ki kantite kafe m te bwè maten an
30
Konfyans se tankou yon vè: depi l kase, li pi bon pou w pa touche l pou w pa koupe tèt ou.
33
Mwen toujou parèt pi entèresan epi m pi bèl lè moun pa ko gen chans konnen jan pèsonalite m ak tèt mwen deraye.
37
Antèman gen pi bon anbyans pase kèk maryaj m asiste wi
35
M pèdi nimewo w la se fason poli m jwenn pou m di w te m efase l
37
Kontantman chè konsa, epi se sou tristès yo fè rabè?
45
Mh konn anvi mande kèk moun si se sèvo yo ki an grèv oubyen si se konsa yo fèt tou senp.
59
Mwen fè yon ti chita ak konsyans mwen jodi a, nou gade dezas lavi m, nou tou de pete ri paske nou pa konn kote pou n kòmanse repare.
68
Enflasyon an tèlman fò, mwen santi m rich sèlman lè m ap dòmi paske rèv yo pa ko takse.
89
1-0 a pap janm defini nivo nou. Mèsi pou batay la, mesye yo! Nou te wè kouraj nou, nou te wè detèminasyon an. Tèt anlè, 2 lòt match rete pou n al ekri istwa a. Nou pap janm lage nou.🇭🇹🔥 @fhfhaiti #GrenadyeAlaso #WorldCup2026
119
Mwen pa gen pwoblèm ak laj mwen, mwen gen pwoblèm ak reyalite ki vini ak laj la.
137
Mwen pa difisil pou moun jere, se jis ke mwen pa bay pèsonn manyèl la.
145
Mwen pa fatige paske m pa dòmi, mwen fatige paske m ap panse ak tout bagay ki pa ko menm rive.
121
Mwen reyalize ke matirite se jis yon mo elegant pou di ou fatige plenyen.
116
Nou pare pou mondyal lan wi la🇭🇹🇭🇹 ekòs plase bouda w..
122
Mwen pa gen pwoblèm pou m fè sakrifis pou moun, mwen gen pwoblèm ak moun ki panse se yon obligasyon sa ye.
122
Travay di epi w a rich. Yon gwo manti ke moun ki rich san travay yo envante.
127