Line Official👸🏽🦋 retweeted
Mezanmi ka Ayiti an twò spesyal pou mwen.😩
Map swiv yon antèman kap chante,moun yo p k rele e yo tout oblije kache kò yo anndan legliz la pou bal pa pran yo ,mw gen enpresyon menm mò a kache kòl tèlman bal ap chante san rete deyò a.
Se pa ti koze non🤦🏼♀️
Line Official👸🏽🦋 retweeted
Aprann kenbe kèk bon nouvèl pou ou sèlman, se pa tout moun k ap kontan pou bonè w✨📌 .
Line Official👸🏽🦋 retweeted
Pwan distans ou ak moun ki:
Baw manti
Derespektew
Itilizew
Rabesew pou keseswa rezon an.
PWAN DISTANS OU‼️
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#Resources: Prèske pa gen anyen ki gratis sou #entènèt la ankò. Nan chè mwen tonbe sou 7 siwèb kote w kapab pratike anglè gratis. Pwofite fè pratik, aprann vokabilé, gramè ak tout lòt bagay wap bezwen pou pi bon « immersion » nan lang #Shakespeare an.
👇
✔️ eslfast.com/begin1/
✔️esl-lab.com
✔️eslfast.com/easydialogs/
✔️gcflearnfree.org/topics/
✔️cambridge.org/us/esl/
✔️languageguide.org/english/
✔️usalearns.org
👉 Don't miss out on this opportunity! Start practicing today!
#PracticeEnglish #FreeResources"
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#Immigration: Sa se yon repons plon gaye, mwenn reponn kesyon 3 kategori moun ki ak estati sa yo te poze m nan kòmansman semènn lan. Men 7 bagay estati w kòm Paroled, Daca,TPS holder, Asylum pending, Refugees (not granted yet) ap anpeche w benefisye kèlkeswa peyi ou sòti a depi wap viv #Etazini ak youn nan estati sa yo:
✔️ Pou tout kategori ki anlè a, nou pap kapab ale nan US Army ni vini polisye nonplis.
✔️ Moun ki gen estati sa nonplis pap ka kalifye pou “Financial Aid” | FAFSA
✔️ Ak estati sa, gen kèk job gouvènman ou pap kalifye pou yo, anpil nan job Leta yo mande citizenship oubyen rezidans pèmanent.
✔️ Jan ou ka konnen l deja, ou pap ka leve yon bon maten pou ateri Okap, ale nan kanaval Jakmel. Rezon an senp, wap bezwen yon “Travel authorization .”
✔️ Li klè nou tout konen, moun ki gen estati m sot montre anlè a, nou pa ka vote nan eleksyon pou chwazi pezidan, senatè, depite ak anpil lòt ankò men gen yon ekzepsyon pou eleksyon lokal yo gen kèk State ki fasilite non citizen vote. Na gentan pale sa nan yon lòt tweet.
✔️ Moun ki estati Paroled, TPS, DACA, Asylum pending, Refugees , pa kapab sèvi kòm manm jiri nan tribinal.
✔️ Pou fini, tout moun m sot pale anlè a bezwen yon kat travay pou yo travay #Etazini, Kat travay sa valid pou 2 an oubyen mwens ki kapab renouvle.
#Next: Malgre tout limitasyon m sot esplike la yo, moun ki gen estati sa yo kapab achte kay, machin, jwenn kòb prete labank san pwoblèm menm gen State ki otorize noncitizen vote nan eleksyon lokal yo tankou California, Maryland ak Vermont.
👇👇👇👇
Sa w wè anpil bagay nou pat konen, semènn sa ap gen anpil tweet tankou sa, rete konekte, pataje, kòmante pou di sa w panse epi rete enfòme.
👇👇👇👇
Ou vle jwenn mwen, klike la @dennly109 , oubyen ale sou tiktok tiktok.com/@dennly109, gen anpil lòt bèl videyo k ap vini sou YouTube ale la: bit.ly/3Pzz2gd
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#Resources: Men pi gwo pwoblèm moun ki rantre sou pwogram #Biden lan pral fè fas nan kesyon edikasyon: aprè nou fin pran tout klas anglè yo mande yo pou nou kapab nan nivo ale nan kolèj oubyen kontinye inivèsite nou pap kalifye pou “Financial Aid” kidonk si nou pa gen lajan nan pòch nou oubyen jwenn yon oganizasyon ki ede nou peye lèkòl, jwèt la pap fasil pou n kontinye ale lekòl.
Men lis 7 gwo òganizasyon ki kapab ede nou fè fas ak challenge sa, si nou kalifye nou kapab jwenn jouska $100K pou nou kontinye lekòl pwofesyonèl | inivèsite menm jan anpil moun ki sou pwogram DACA, TPS, Azil, Refugees :
✔️Scholarships.com
✔️Fastweb.com
✔️Finaid.org
✔️Unigo.com
✔️Goingmerry.com
✔️Niche.com
✔️Floridalegion.org
Nb: Pou asylees, refugees menm lè case ou “pending” ou kalifye.
#Next: Depi koulye a #bookmaks tweet sa paske wap bezwen l kanmenm, anatandan swiv òganizasyon @haicon_Official sa menm lè l fèk ap parèt paske l gen sa yo nan agenda li, lap gen pou montre tou kòman pou nou aplike pou jwenn sipò sa yo pa rapò ak objektif li fikse ki se ede imigran Ayisyen jwenn benefis estati yo merite nan #Etazini.
👇@haicon_Official
Tweet sa wap bezwen l, bookmaks li, like li pou ankouraje tweet parèy li, pataje l bay yon lòt, anpil #Lekòl gen lis 7 oganizasyon m pataje ak ou a, yo pap ba w li si w pa konnen l ekziste pa kenbe l pou kó w.
👇👇👇
Line Official👸🏽🦋 retweeted
Tanpri ann ede sove lavi 3 moun jodia!
Al fe yon don de sang pou yo kounyea
Dm mwen pou numero kontak moun responsab malad la siw pwal bay san w pou yo
RT li pou plis moun ka wèl svp
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#𝐅𝐨𝐥𝐥𝐨𝐰𝐦𝐞: Sa etone m gen moun ki pa ale lekòl paske yon lòt di l fòk li gen kat travay avan oubyen sosyal. Antouka ou bezwen paspò w sèl pou enskri lekòl anglè, ou bezwen paspò w ak I-94 pou aplike pou #SNAP, wap bezwen paspò w sèlman pou jwenn èd nan kèk biwo tankou @youthcoup ki benefisyè Florida jwenn $3000 pou pran yon klas nan kolèj, @iine ki falisite moun Boston jwenn $537 chak mwa...
----------
Pa pap koute w anyen pou swiv mwen sou twitter, sa pap koute w anyen tou pou pataje tweet sa, si w ba l kèk like lap ogmante enterè epi pouse plis moun like li, si sa pap koute w anyen fè l. Pou enfòmsyon mwen pa sispann chèche enfomasyon pou nou, sèl ankourajman montre m nou renmen kontni yo lè yo enteresan.
#Next: Kòman pou nou fè yon bon CV, prepare yon bon entevyou, koman pou nou chèche job epi kòmanse fè kolòn.
Si w potko swiv mwen fè sa koulye pou resevwa mesaj mwen yo: 👇👇👇
👉 teapaw.org/dennly109
👉 instagram.com/dennly109?igsh…
👉 tiktok.com/@web509_llc
👉 youtube.com/channel/UCRmBp0r…
#Humanitarianparole #jobsearch #LikeForLikes #followme
Line Official👸🏽🦋 retweeted
Tanpri ann ede sove lavi Bernard Jn Elie
Demen al fe yon don de sang pou li
Dm mwen pou numero kontak moun responsab malad la siw pwal bay san w pou li
RT li pou plis moun ka wèl svp
Line Official👸🏽🦋 retweeted
🔴#Urgent: Hello @TwitterSupport, just to inform you that @promonews3 , has been on Twitter since 2010 and has earned the highly-coveted blue badge. But, he's recently lost a whopping 32.5k followers in less than a week! He's reached out to @TwitterSupport multiple times, but hasn't received any help yet.
It's important to know that @promonews3 has never used bots to boost his follower count. He thinks this is a big issue that Twitter should address, instead of ignoring his calls for help. As a blue badge holder, he deserves proper support from Twitter.
Please, see the attached screenshot👇👇👇👇 👇
@elonmusk @Twitter @TwitterCreators @premiumbusiness
Please, help me spread this tweet in order to receive support from @TwitterSupport .
Thank you all.
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#𝐓𝐞𝐜𝐡𝐧𝐨𝐥𝐨𝐠𝐢𝐞𝐬: Pou livre nou dokiman enpòtan @USCIS itilize @USPS “Priority Mail Delivery Confirmation” pou voye dokiman imigrasyon yo an tout sekirite ( Notice, Kat travay, GreenCard...) men lide tweet lan fokis sou dokiman m sot site la yo ki gen yon nimewo “tracking”ladan yo. tweet sa pral montre w kòman pou w “track” mail, package ki ap vini nan adrès ou. Metòd sa ekzat a 95%.
1- Klike sou lyen sa :
usps.com/manage/informed-del…
2- Kreye yon kont ak usps.com
3- Verifye Idantite ou
4- Epi kòmanse wè lèt, notice, package ki ap vini nan adrès ou.
N.B: Ou ka pa bay tweet sa twòp enpòtans men kou w kòmanse konprann vrè rezon ki fè m pataje sa ak nou an wap ekri m an prive pou remèsye m. Kou w kòmanse jwenn moun ki ap sere dokiman pou fè w mechanste wa konprann tout sa m pa di nan tweet sa.
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#𝐁𝐮𝐬𝐢𝐧𝐞𝐬𝐬𝐦𝐨𝐝𝐞 : Jodi a nou ka fè lajan kelkeswa kote nou ye, menm lè nap wonfle nan kabann nou nou ka fè lajan. 𝐌𝐞𝐧 𝟕 𝐦𝐨𝐝è𝐥 𝐛𝐢𝐳𝐧𝐢𝐬 𝐤𝐢 𝐤𝐚 𝐞𝐝𝐞 𝐨𝐮 𝐟è 𝐥𝐚𝐣𝐚𝐧 𝐬𝐢 𝐨𝐮 𝐣𝐢𝐬 𝐚𝐩𝐞𝐧𝐧 𝐯𝐢𝐧𝐢 𝐧𝐚𝐧 𝐄𝐭𝐚𝐳𝐢𝐧𝐢 𝐦𝐞𝐧𝐦 𝐥𝐞 𝐨𝐮 𝐭𝐞 𝐥𝐚 𝐝𝐞𝐣𝐚. 𝐏𝐚 𝐛𝐥𝐢𝐲𝐞 𝐦𝐞𝐧𝐦 𝐥𝐞 𝐰 𝐠𝐞𝐧 𝟐𝟓 𝐚 𝐧𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐣𝐨𝐛, 𝐣𝐨𝐮 𝐩𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐯𝐨𝐲𝐞 𝐰 𝐚𝐥𝐞 𝐭𝐨𝐮𝐣𝐨𝐮 𝐥𝐚.
Map lage non modèl biznis yo an anglè epi esplike an Kreyòl.
1. Freelancing: Ou ka ofri konpetans ak sèvis ou konn fè sou plizyè platfòm sou entènèt la epi komanse fè lajan, yon moun ki fè grafik, konekte sou Upwork, Fiverr, ak Freelancer, yo moun ki fè web devlopman, devlope aplikasyon, yo ka fè lajan san yo pa menm deplase.
2. Dropshipping: Ou ka kòmanse yon ti boutik sou entènèt la epi kòmanse vann devan dèyèn san yo ou pa bezwen kenbe anyen lakay ou.
Ou ka sèvi ak platfòm tankou Shopify, WooCommerce, ak BigCommerce pou kreye boutik ou oubyen @web509 kapab komanse mete w sou wout la.
3. Food truck business: Kisa biznis sa ye? Li pa lòt ke vann manje, bon pate kòde, bon fritay, bon Griyo…epi kòmanse fè lajan. M konn achte nan men yon zanmi Lake Worth, m bliye nom biznis lan men msye ankourajan m toujou pran griyo nan men l, bon bagay nèt. Nan nivo msye ap pase la, li pa bezwen travay ak moun ankò, mwen gen garanti li fè ase lajan chak jou.
4. Cleaning services: Ou ka ofri sèvis netwayaj nan kay ak biznis epi fè bèl lajan. Mwen te monte yon biznis konsa pou yon kliyan New York. Li te rele m pou remesye m aprè 3 mwa, lè mwa desanm menm rive, li konn di m li pa gen men pou ranmase lajan. Jous wè l konsa, anpil moun ki ap fè fèt lakay yo pa renmen lave vèsèl, ni clean aprè yo vin enjoy yo. Sa se yon bon modèl biznis paske li mande yon envestisman minimòm ou ka kòmanse ak jis kèk kliyan.
5. Sèvis tradiksyon: Si ou pale anglè, fransè, kreyòl , ou ka ofri sèvis tradiksyon bay biznis oubyen moun ki bezwen sevis la. Se toutan map wè erè yo fè lè mwen ale nan #DMV, nan tès pou pase pou pran lisans lan, ou kapab mande pou korije pou yo epi ofri sèvis ou, pa bliye fòk ou jwenn yon mannyè pwofesyoèel pou fè sa, anrejistre biznis ou.
6. Personal training: Si ou konn fè egzèsis byen, yon bon coach , ou gen ti konesans tou nan fason pou moun kase vant, pran swen kò yo… ka vin yon antrenè pèsonèl epi ofri sèvis ou bay kliyan.Gen anpil moun ki ap chèche sèvis sa yo, komanse mete sevis ou disponib.
7. Social media management: Ou ka ofri sèvis jere rezo sosyal bay biznis, ou ka ede yo grandi prezans yo sou entènèt la. Sa se yon bon modèl biznis paske ou ka fè l kelkeswa kote ou ye a. Si w konn fè grafis, kreye kontni, konn ekri mesaj pou enfliyanse moun, ou kapab komanse fè lajan.An pasan, si w google konbyen kob social media management peye nan Florida wap wè l $65,719. Sa w panse? Pa mal ditou.
NEXT: Koulye a mwen sot montre nou kòman pou nou fè lajan, montre yon lòt tou paske gen anpil talan kache ki pa jwenn post sa, petèt sa ka pouse yo pran dezisyon pou komanse fè Rajan.”
#business #BusinessMode #Haitian #Humanitarianparole #BusinessPro
Line Official👸🏽🦋 retweeted
Sos!
Bato metropòl Ki asire transpò Ansapit Marigo, koule maten an la.
Gen moun ki mouri, gen moun kap eseye sove. Nou bezwen konkou semana ak proteksyon sivil.
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#𝗥𝗲𝘀𝗼𝘂𝗿𝗰𝗲𝘀 : Si w apènn swiv mwen byenvini abò. 𝐌𝐞𝐧 𝟓 𝐞𝐭𝐚𝐩 𝐩𝐨𝐮 𝐬𝐰𝐢𝐯 𝐏𝐨𝐮 𝐚𝐩𝐥𝐢𝐤𝐞 𝐩𝐨𝐮 « 𝐅𝐨𝐨𝐝 𝐒𝐭𝐚𝐦𝐩𝐬 » 𝐞𝐩𝐢 𝐤ò𝐦𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐥𝐚𝐯𝐞 𝐯𝐚𝐧𝐭 𝐨𝐮 𝐣𝐢𝐬𝐤𝐚𝐬𝐤𝐞 𝐰 𝐩𝐚 𝐛𝐞𝐳𝐰𝐞𝐧 𝐨𝐮𝐛𝐲𝐞𝐧 𝐩𝐚 𝐤𝐚𝐥𝐢𝐟𝐲𝐞 𝐏𝐨𝐮 è𝐝 𝐬𝐚 𝐚𝐧𝐤ò.
Pou kòmanse, kontakte biwo #SNAP Ki nan #State ou ye a oubyen sa ki tou prè w la. Sa depann tou de State wap viv la, ou ka anmezi pou aplike sou Entènèt, an pèsòn, pa lapòs, oswa pa faks.
Ann ale la:
1. Kalifikasyon: Tcheke si w ranpli kondisyon revni ak byen yo pou pwogram « Food Stamps » lan nan State Ou ye a. Pa bliye m te di nan pòs avan, tout moun ki nan program Biden lan kalifye, ou menm tou ou kalifye si w pèdi travay ou, ale nan pòs avan pou plis detay.
2. Mete dokiman w yo prè: W ap bezwen bay prèv idantite, revni, depans, ak kantite moun ki nan kay la. Egzanp dokiman ou ka bezwen gen ladan yon lisans chofè, souch peman, resi lwaye, ak bòdwo sèvis piblik. Pou moun #Biden yo, wap bezwen paspò w, adrès, I-94 mwen te montre nou kòman pou n rale dokiman sa.
3. Aplike pou #SNAP: Ou ka aplike sou Entènèt, pa lapòs, oswa an pèsòn nan Depatman Sèvis Sosyal lokal ou oswa nan yon ajans ekivalan. Ou pral bezwen ranpli yon fòm aplikasyon epi bay dokiman yo mande yo men ou pa bezwen deplase pou w aplike, selon depann nou m ka montre nou kòm pou n fè Sa nan yon videyo.
4. Ale nan yon entèvyou: Ou ka oblije ale nan yon entèvyou ak yon travayè sosyal pou diskite sou aplikasyon w lan epi bay plis enfòmasyon. Bòn nouvèl, nan moman sitou nan Florida yo tèlman gen demann yo pa vrèman fè entèvyou.
5. Tann desizyon Ofis lan: Ajans la ap revize aplikasyon w lan epi détermine si w kalifye pou « Food Stamps ». Si yo apwouve w, w ap resevwa yon kat ke w ka itilize pou achte manje nan magazen k ap patisipe yo.Atansyon ou pap ka achte #Corona ak li oswa #JackDaniels men ou la pran yon kola @KolaChoucoune paske l pa alkòl.
Kantite benefis «Food Stamps » ou resevwa a pral depann de revni ou, depans ou, ak kantite moun ki nan kay la. Kantite benefis maksimòm lan varye selon State, pou fini m te bay yon Tijènn ki vini nan program #Biden lan kòman Pou l fè sa, msye preske jwenn $300 pou manje, $95 Cash epi kat Pou li ale kay doktè.
Note: Scan kòd ki anba postè a lap bay tout biwo #FoodStamps ki nan tout State yo epi kontakte yo pou kòmanse aplike.
Good Luck!
#𝐍𝐞𝐱𝐭: 𝐊ò𝐦𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐦 𝐟𝐢𝐥 « 𝐅𝐨𝐨𝐝 𝐒𝐭𝐚𝐦𝐩𝐬 » 𝐨𝐧𝐥𝐢𝐧𝐞? 𝐏𝐚𝐭𝐚𝐣𝐞 𝐞𝐩𝐢 𝐫𝐞𝐭𝐞 𝐛𝐫𝐚𝐧𝐜𝐡𝐞!
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#𝗥𝗲𝘀𝗼𝘂𝗿𝗰𝗲𝘀: Kat travay yo kòmanse tonbe, depi w nan faz sa sipòtè a gentan wè w sou mache travay la.Koulye a ou bezwen jwenn job rapid. 𝐒𝐰𝐢𝐯 𝟕 𝐞𝐭𝐚𝐩 𝐬𝐚 𝐲𝐨 𝐞𝐩𝐢 𝐰𝐚 𝐛𝐚𝐧𝐦 𝐧𝐨𝐮𝐯𝐞𝐥 𝐥ò𝐭 𝐬𝐞𝐦è𝐧𝐧:
1. Fè kolònn, Fè kolònn: Kontakte zanmi, fanmi, fè yo konnen ou ap chèche travay. Ale nan "Job fair" ak evènman endistriyèl pou rankontre posib anplwayè. Esperyans yo montre avan yo poste djòb yo, yo toujou pataje pozisyon yo ak anplwaye yo sitou yo konn ba yo bonis pou sa.
2. Pou chak job wap aplike , fè yon CV ak yon lèt pou chak aplikasyon. Mete an valè konpetans ak eksperyans ou yo kèlkeswa kalifikasyon ou te genyen an Ayiti. Pa okipe moun ki di w dwe gen esperyans travay sèlman pa bò isi, tout esperyans travay konte depi w kapab pwouve konpetans ou.
3. Nan chèche travay jodia , jenerasyon sa gen anpil atou, ale sou @indeed , @Glassdoor , ak @LinkedIn … pou jwenn pòs ki koresponn ak konpetans ou. Ou kapab tou telechaje CV ou sou #Indeed… epi rekritè yo ap kòmanse voye djòb ba ou. Asire w ke ou mete alèt travay pou ou ka resevwa enfòmasyon sou nouvo pozisyon wap chèche a lè w disponib.
4. Fè swivi sou yon aplikasyon travay ou te fè gen anpil enpòtans, li montre enterè ou pou job lan. Ou kapab voye yon imèl oswa fè yon kout fil mande enfòmasyon sou estati aplikasyon ou a.
5. Ou kapab tyeke job pou tou vini anplwaye ou kapab tou ale sou agency. Men si ou gen chwa mwen konseye w pa pran agency a paske lè w anplwaye nan travay ou, wap jwenn plis avantaj. Men kòm ou poko gen anyen , pran sa ki nan gou w.
6. Si toutfwa CV ou a konvenk rekritè a lap envite w nan entèvyou. Entèvyou se manman koze a. Gen kèk teknik entèvyou mwen konnen ki bon , fè kèk ti antrenman toujou. Ale swiv nèg sa 👉youtu.be/TQHW7gGjrCQ .
Fè rechèch sou konpayi a ak prepare repons pou kesyon entèvyou yo gen kesyon yo pap manke w. Pa bliye rive 15 minit avan nan entevyou an epi sonje abiye tankou yon pwofesyonèl, nou konprann sa m vle di.
7. Fè premye pa! Pa kanpe la menm lè w pa ta bon, gen sa yo nan « game » lan. Chèche travay pa janm fasil men kenbe yon atitid pozitif ak rete motive. Sonje, gen yon bon travay kap tann ou!
#Next: Gen pi bon bagay dèyè toujou envite zanmi w swiv @dennly109 , nap pote kontni pi enteresan pou ou chak jou. Pa bliye pataje, se meyè fason Pou ede m epi ede yon lòt.
Bòn chans ! 🤞🏽💼.
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#Resources: Etidye koute anpil lajan USA🇺🇸,men gen anpil Pwogram Federal ki ede imigran asime chaj lekòl yo,genyen ki bay èd finansyè sou fòm bous etid,sa nou rele « Scolarships» wap jwenn kijan pou benfisye èd yo!
usa.gov/agencies/federal-stu… pataje tweet sa tout kote epi serel🔁🔁
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#GoodNews: Men 7 bagay ou dwe konnen lè w vin abite #USA pou w kapab byen entegre epi fè yon bon adaptasyon: 👇
1. Aprann anglè: Anglè se lang prensipal yo pale nan peyi Etazini, kidonk li enpòtan pou aprann li pi vit posib. Pran kou, pratike ak moun ki pale natif natal, epi plonje tèt ou nan lang nan otank posib. Sa valab pou kelkeswa peyi ou ale viv la.
2. Konprann kilti a: Etazini se yon peyi ki gen anpil divèsite ak anpil kilti ak koutim diferan. Pran tan pou w aprann sou kilti zòn w ap viv la oubyen #State la, ki gen ladan règ ak prensip, jou ferye, ak tradisyon tankou jodi a ki se “Memorial Day” se yon jou fèt federal Etazini pou onore pèsonèl militè Ameriken ki te mouri pandan yo t ap sèvi nan Fòs Lame Etazini.
3. Bati yon rezo ( network) : Li kapab difisil pou ajiste nan yon nouvo peyi, kidonk li enpòtan pou konstwi yon rezo ki gen ladan l, zanmi, fanmi, ak kòlèg. Antre nan òganizasyon ki enterese w, ki kapab tann ou fò epi ale nan evènman kominote a pou rankontre nouvo moun.
Menm youn nan òganizasyon ou kapab swiv si w vini nan pwogram #Biden lan:
@haicon_Official, si w te fè azil swiv @asylumadvocacy lis la pa fini.
4. Aprann sou sistèm legal ak Lalwa: Sistèm legal la nan peyi Etazini ka konplèks, kidonk li enpòtan pou aprann sou lwa ak règleman ki aplike pou ou. Konsilte ak yon avoka imigrasyon si w gen kesyon sou sitiyasyon legal ou epi swiv kèk moun ki gen konpetans nan domènn lan ki toujou pale sou sa.
Swiv avoka sa yo: @EddyLaguerre , @frandleyjulien lis la pa fini.
5. Patisipe nan ede Kominote wap fonksyone a: Fè volontè ak patisipe nan kominote w la ka ede w santi w plis konekte ak nouvo peyi w chwazi vin viv la. Chèche opòtinite epi fè yon enpak pozitif. Ede jan w kapab , fè volontè, sa yo kapab ede w tou nan fè yon enpak pozitif.
6. Jere sante w : Etazini gen yon sistèm swen sante diferan pase anpil lòt peyi, kidonk li enpòtan pou w konprann kijan li fonksyone. Asire w ke w gen asirans sante epi jwenn yon doktè oswa yon founisè swen sante ou fè konfyans.
Moun ki kalifye nan Pwogram #Biden lan kapab aplike pou Medicaid, kontinye swiv @dennly109 pou plis detay sou sa.
7. Anbrase nouvo eksperyans lan ak tout ou menm: Finalman, ouvè a nouvo eksperyans epi anbrase opòtinite ki vini sou wout ou yo. Eseye nouvo manje, eksplore nouvo kote, epi pwofite tan ou nan #Etazini. Nan ankouraje kominote ou li enpòtan tou pou ankouraje restoran Ayisyen dabò aprè fè esperyans kèk lòt kizin.
#Next: ✔️ Kòman moun kalifye pou “Food Stamps” Eske m dwè pran èd sa? Konbyen kòb yo bay moun? Eske yo bay lajan cash vre? Eske sa gen yon konsekans sou dosye mwen?
Rete konekte @dennly109 , swiv mwen sou lòt rezo sosyal yo, anpil detay pral vini.
Line Official👸🏽🦋 retweeted
#𝗕𝘂𝘀𝗶𝗻𝗲𝘀𝘀𝗺𝗼𝗱𝗲: Map prezante nou 2 YouTubers, Mr Beast | Jake Paul, @Forbes te mete nan lis moun ki fè plis lajan depi 2021 rive jodi a, rekò 2 mesye sa yo mondyal sou Youtube. Fòtin yo se milyon pandan yo itilize yon Platfòm ki gratis.
▪️Gen timoun 7 an pou pi piti ki rive fè milyon ak Youtube. Yo milyonè, yo sispèsta.
▪️Sa ki dwòl nan siksè moun sa yo se paske yo gen menm aksè ou genyen sou Youtube la.
Men 5 etap yo itilize ki mete yo kote yo ye a:
1. Jwenn yon nich : Idantifye yon sijè espesifik oswa yon tèmou pasyone epi ki gen yon odyans sou YouTube. Sa ap ede ou kreye kontni ki inik ak enteresan.
2. Kreye kontni kalite siperyè: Envesti nan bon ekipman ak lojisyèl koreksyon pou pwodwi videyo bon jan kalite ki vizyèlman atiran ak angaje. Asire w ke kontni ou a enfòmatif, amizan, epi ajoute valè nan odyans ou a.
3. Konsistans se kle: Toujou telechaje nouvo kontni sou chanèl ou a pou kenbe odyans ou a angaje ak enterese. Devlope yon orè kontni epi kenbe li.
4. Angaje ak odyans ou a: Reponn a kòmantè, kreye polls, epi mande feedback pou bati yon relasyon solid ak odyans ou a. Sa a pral ede w konprann bezwen yo ak preferans yo epi kreye kontni ki rezone ak yo.
5. Promote chanèl: Sèvi ak medya sosyal, kolaborasyon, ak lòt estrateji maketing pou ankouraje chanèl ou a epi rive nan yon odyans pi laj. Sa ap ede ou grandi "subscriber ” ou epi ogmante opinyon ou ak angajman ou.
Kòman pou kòmanse ak modèl sa?
Kòmanse channel ou Jodi a, gen videyo gratis sou sa, m sot wé @carelpedre tap ofri yon training sou sa semènn pase, ale sou kont li a pou nou enfome epi enskri Pou lòt training.
#Next: Kòman w kapab fè lajan ak Instagram kòm pwofesyonèl?
Kòman w kapab fè lajan pandan wap dòmi nan kabann nou?
Pataje post mwen yo, wap jwenn chans jwenn kèk konsèy, kòman pou kòmanse biznis Ou e fè lajan.
𝒟o𝓇𝓋𝒾𝓁𝓊𝓈 𝐹. 𝐵𝒶𝑒𝓊𝓇





















