Sakaptwit (@sakaptwit) header
Sakaptwit (@sakaptwit) profile picture

Tout sa ki cho! 🇭🇹 #Haiti #Ayiti #Sakaptwit

Haiti
Joined November 2013
Gouvènman ayisyen an voye semèn sa lis non 20 moun pou HCT chwazi 9 ladanl pou fòmasyon CEP an. Nan lis sa, nou jwenn ladanl Jacques Desrosiers, Gédeon Jean, Jimmy Albert, Kettely Julien, elatriye. HCT fè konnen l ap ankete sou moun sa yo avan Li pran yon desizyon
365
William O’Neill ekspè endepandan @UN sou sitiyasyon dwa moun nan peyi Dayiti fè konnen, @pnh_officiel dwe gen avèl yon lòt fòs entènasyonal ki espesyalize pou sekirite ka tabli nan peyi a.
341
Ayè madi 27 jen 2023, gen yon fiziyad ki fèt nan Lilavwa kote gen 9 moun ki pèdi lavi yo. Daprè kèk enfòmasyon ta sanble moun sa yo se toutè bandi yo ye.
358
Jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire odisyone jodia ansyen PM @JoutheJoseph, pou zafè ankèt sou asasinay ansyen prezidan @moisejovenel. Ansyen PM nan fè konnen se sou kadav li yo t ap pase pou touye prezidan an.
326
Jij enstriktè Jean Wilner Morin envite ansyen merès Rosemilat Petit-Frère madi 27 jen an nan kabinè l kòm temwen nan dosye koripsyon ki enplike CAS la. Daprè enfòmasyon yo ansyen Senatè Nenel Cassy envite tou pou l vi n prezante l mèkredi pou dosye koripsyon ki konsène BMPAD la.
325
SEMANAH entèdi tout aktivite kabotaj sou tout kòt peyi a depi yè jiska nouvèlòd. Desizyon sa pran akòz tanpèt tropikal Bret k ap dirije l sou Babad, poutèt sa, otorite yo mande pou tout moun kap viv nan zòn a risk yo pou yo sòti kò yo pou pa gen plis dega.
238
SEMANAH entèdi tout aktivite kabotaj sou tout kòt peyi a depi jodia jiska nouvèlòd. Desizyon sa pran akòz tanpèt tropikal Bret k ap dirije l sou Babad. Poutèt sa, otorite yo mande pou tout moun kap viv nan zòn a risk yo pou yo sòti kò yo pou pa gen plis dega.
253
19 jen ki sot pase a, jij Marthel Jean Claude òdone pou mete Youry Latortue ansanm ak Joseph Lambert nan prizon sivil Pòtoprens la. Òdonans lan gentan ale nan Pakè Pòtoprens, ansyen senatè yo gen 10 jou pou yo fè apèl a desizyon sila sinon y ap arete yo.
171
Minis @melaniejoly anonse Canada mete sanksyon sou 4 moun yo di ki gen pou wè ak jan sitiyasyon peyi a ye jounen jodia. Moun sa yo se: André Apaid ansanm ak jèf gang Joseph Wilson (lanmò sanjou) Vitel’Homme Innocent Ak Johnson André (Izo)
189
Ansyen Premye dame @martinejmoise ak tout pitit li yo depoze yon plent 22 jen 2023 nan Floride, USA🇺🇸 kont tout moun li sispèk nan koze asasinay @moisejovelnel la. Avoka yo a Paul Turner menm deklare: si moun sa yo gen byen nou vle pran yo tou.
173
Ane akademik 2023-2024 Men dat ki kenbe pou egzamen leta a: jen 2024 •9èm AF: 10 jiska 12 •ENI: 10 jiska 14 •Sant edikasyon fanmi an : 17 jiska 21 •Fen etid segondè: 24 jiska 27 •Fòmasyon teknik Ak pwofesyonèl : 1 jiska 26 jiyè 2024
1
318
Pwoblèm SPIH ak PRONAP @BRHHaiti a ap fè fas la lakòz gen anpil retou lajan ki te fèt ant bank yo. Anpil antrepriz ki te gen kontra ak founisè yo paka peye ajan yo.
186
Direktè Vorbe et Fils Materieaux, bandi te kidnape anndan biznis la, ki twouve kòl nan Taba ayè lendi 19 jen an, jwenn liberasyon l nan menm jou a selon sa kèk pwòch li fè konnen. Toutfwa yo pa bay okenn detay sou kondisyon liberasyon an.
203
Proteksyon Sivil anonse gen yon ond twopikal ki lokalize sou Zile #CapVert ki kapab tounen yon tanpèt twopikal nan 24 a 48 èd tan. Fenomèn sila riske frape zile Karayib yo. Yo mande pou nou rete vijilan.
1
516
Depi lendi bank kòmèsyal peyi Dayiti yo pa ka konekte akoz pwoblèm teknik @BRHHaiti genyen, sèvis #SPIH ak Pronap pa disponib. Sa gen Gwo konsekans sou tranzaksyon bankè nan peyi a.
1
227
Ronel Paul yon jèn jounalis @radio_reference nan Gonayiv ranpòte gwo pri Philippe Chaffanjon 2023 pou repòtaj li a "Haïti, le Calvaire des mères célibataires" ki te pibliye 20 desanm 2022 a.
164
Ansyen senatè Gracia Delva ak ansyen depite Prophane Victor, rantre nan lis moun ki anba sanksyon peyi Canada. Se Minis Afè Etranjè Canada a Mélanie Joly ki anonse sa maten an.
1
217
Minis afè etranjè peyi Jamayik @kaminajsmith deklare, sevis konsilè yo an Ayiti kanpe aprè bandi ak zam te fin piye, kraze lokal Sun Auto nan taba. konsila a te trouve kòl anndan lokal Sun Auto a.
187
Nan lannuit 12 pou rive 13 jen 2023, bandi atake, piye epi mete dife nan Sun Auto, yon entrepriz ki vann machin sou wout Taba.
168
Nan lannuit 11 jen pou rive lendi 12 jen 2023, gen yo gro dife ki pran nan mache 2000 ki chita kòl nan delma 29 la. Dife a fè Anpil ravaj, Anpil machann pèdi marchandiz yo.
205